Kisa ki lakou badagi a ?

Lakou Badagi #13 se ti non jwèt « BASEN DANN GINEN 4444 »
Ki Se you lye kote you fanmi reyini pou fè you seri aktivite ki gen pou wè ak vodou.
Ki gen you Objektif byen defini avèk you pakèt lòt ti objektf. Lakou a livre l nan tout aktivite ki gen
pou wè ak travay peyi a,nou di peyi paske lè nou wè Vodou,nou wè peyi .
Lakou a wè jou sou fòm fizik li ,jou ki te dimanch 17 desanm 2017,nan premyè rankont ke li te fè ak
fanmi an. You rankont ki te gen 13 manm fanmi an ki tap diskite. Nan rankont sa a nou te gen Manel
Desir ki di Mèt 3kÒN, ki tap esplike lòt fanmi yo mesaj kel te resevwa pa Mèt 3kÒN ak Grann.ki se
anmenmtan you misyon pou nou al chèche lòt fanmi trip ak fanmi Fèy.

Objektif Nou

Pi gwo Objektif Lakou a se :

Ankadre « Tyovi yo » Nèg ak Nègès ki an difikilte pou dekouvri Divinite ki nan yo a epi pèmèt yo valorize Enèji ki antoure yo a,pou yo ka valorizyo tèt yo.

Pèmèt jèn yo kapab anbrase epi valorize Kilti lakay yo olye pa lòt peyi yosa ke nou rele lang kolon an, akiltirasyon an.

Dekouvri you seri enfòmasyon epi vilgarize you seri ansanm teknik granmoun mòn yo .

Ede Vodouvi yo familyarize yo ak demanbre, lakou,bitasyon yo ak lòt.

Patisipe nan rekonstriksyon peyi a epi rekonstitiye kouvèti vejetal la pou pwoteje anviwonnman an.

Bay konsiltasyon sou plas ou a distans.

Lakou badagi pa gen komite men gen you sèvitorya ki gen 13 manm. Ki se 12 plis 1(12+1) sa vle di 12 sèvitè plis you gran sèvitè e ki repati konsa : gran Sèvitè a ki se responsab an chèf la,ki gen kontwòl tout bagay ki konsènen la a.
 
● You sèvitè nan Zafè Administrasyon ak finans.
● Yon sèvitè nan Zafè Sekretarya
● Yon sèvitè nan Zafè Espitityalite
● Yon sèvitè nan Zafè Dwa moun ak politik
● Yon sèvitè nan Zafè sekirite ak disiplin
● Yon sèvitè nan Zafè kiltirèl
● Yon sèvitè nan Zafè Edikasyon 
● Yon sèvitè nan Zafè Fanm
● Yon sèvitè nan Zafè Kominikasyon
● Yon sèvitè nan Zafè konsèy
● Yon sèvitè nan Zafè deyò peyi a
● Yon sèvitè nan Zafè Lohitik.

Zòn Touche pa Lakou a :

Lakou a travay nan Agrikilti,nan Kilti,nan Sosyal ak nan Anviwonnman avèk ti objektf sa yo: 
A) Travay pou amelyore kondisyon lavi vodwizan ak vodouvi yo sou plan ekonomik,sosyal espirityèl ak kiltirel.
 
B) Itilize prensip vodou a pou defann dwa tout voudouvi ak vodwizan yo e ak tout moun anjeneral,sitou timoun.

Ekip Nou

Schnerby Desir

RESP. Administrasyon ak Finans

Damier Marie Ange

Resp. Litij ant Fanmi

Me Dubé Isaac

Resp. Jiridik ak Politik

Mamona Délice

Resp. Zafè Etranje

Bazile kynie

Resp. Zafè Lojistik ak Sekretarya

Celestin Ischelande

Resp. Zafè Fanm

Desir Gesiton

Resp.Kilti ak Lòd

Guil Adona

Resp. Sekirite ak Disiplin

Pierre Louis Yvenite

Resp. Zafè Sosyal

Joseph Reginald

Resp.Kominikasyon

Nephtalie

Resp. Edikasyon

Novembre Lutherford

Delege Nasyonal

Verly Nandy

Resp. zafè jenès

Manel Desir

GRAN SÈVITÈ LAKOU BADAGI#13